Mise à jour le Février 2022
Devenez correspondant(e) de Caraïbe Express c'est partager et faire progresser "Le Lien Entre Les Peuples". Passionnés d'écriture, journalistes professionnels et amateurs, rejoignez notre équipe par mail: redaction@caraibeexpress.com "Caraïbe Express" The Link Between The Peoples le site d'informations culturelles et sportives de la Caraïbes par excellence.
Mardi 19 mars 2024 09:33 (Paris)

Accueil  »  Culture  »  Musique
Fòs pasyon-m ap debat Pou li rale ou anba tè

Ansy Dérose
Nonm dyakout lanmou fètil sa a
Nèg kòk kalite sa a
Ki vire l’ale bwachat

Albòm siksè ane 70 -80

Si mwen nègès di ou onè èske w’ap reponn mwen respè

Tonnèboule-m, vyèj pete je-m mwen kwèe tou sa ou viv sou latè beni se istwa pwezi, kit yo anmè, kit yo dous, kit yo marinen nan siwo dòja, yo mèt fout koule nan yon boutèy myèl. Pèsonn pa ka pèmèt yo deklar sa ou ekri, sa ou chante kòm koze ensiyfyan, rizib, depaman. Vwa ou se kristal, pawòl ou se boul lò. Lè ou chante nan lang zansèt ou yo ki kreyòl se sa nèt, yo ka evalye pou dyaman. Pouvwa sediksyon sa a, tanpri souple, fè li tounen anj gadyen ,vanyan toutan, pou li gide-m chak fwa mwen anvi ekri tankou ou.

Lide manmzèl Mari Flò Domon

Nan fon lannwit, lè pou dyab kanpe sou de pye vityelo-l, mwen kouche sou do, kè-m ap bat, lide-m frape sou ou tankou yon kout zèklè, mwen santi lòlòj mwen vle chavire afòs ou nan panse-m . Akwa bon reziste, mwen ta renmen ou wè jouk kibò foli-m kapab ale pou ou. Mwen sèmante jodijodi 14 fevrye sa a, mwen pa-p dòmi, kè-m sere, de je-m klere m’ap imajine ou avèk flanbo lespwa kenbe nan men-m. Tout aksyon mwen poze nan moman sila a se pou ou. Nan moman sa a, mwen se yon fanm brav ki pa pè al prezante tèt li devan mèt minwi, nonm danjere devan lèsen lè mò. Mwen mande-l pasaj avèk chandèl santi bon. Nan serémoni sila a se oumenm menm ki te prensipal rezon invokasyon-m. Sosyete fanm, ki t’ap asiste bèl mèvey sa a, te pwofite di tout bèl ochan yo te genyen pou di pou ou. Gen yon deyès, yo di li se renn disyèl ak latè, antouka, li te fè ou lonè pote yon bann wòz sou bra-l pou ou. Nan flè sa yo te gen WÒZ NWA ki reprezante tout bèl nègès antiyèz ki te konn jwi lomeyans pou yo an bon gason jènjan.

Ansy, ou konn sa mwen te panse lè m’ap gade lobodyal ki t’ap fèt sou non ou nan moman sa a, mwen te di nonm sa a yo rele Ansy Dérose la, limenm avèk mouche lanmou se zo ak kalalou.

Nan moman sa a li te lè li te tan pou m’ te poze yon jès ki nan nivo pèsonaj limyè ou ye pou noumenm fanm vanyan nan moman nou damou pou nou fou. Mwen te deside tout bon vre vide kè-m mete tout rankè mwen te pote kòm chay akoz pakèt fanm sa yo ou te konn site nan chante ou yo, ki te konn fè ou soufri anpil. Mwen pa te ka konprann kijan yo te oze redwi ti kè ou an myèt nan kondisyon sa a. Lè mwen byen reflechi, mwen reyalize se yomenm tou ki te peple panse ou ak tout lide kòk gagè sa yo. Dezòmè, fanm sila yo pase nan listwa pou mwen tankou sous enspirasyon ou.

Koute pawòl pou « Ginou » pou Terèz et zot

Mwen pa ta jam panse Ginou
Jam mwen renmen ou
Ke ou ta jete’m konsaa
Jete’m tankou fèy sèch
Pou move van bote
Pou dife bwa boule’m
Yo di lòm se pousyè
Poutan se pa pou saa
Wap pilonnen konsaa
Lavi saa se yon mistè
Ou pa ka konte roz kip a genyen pikan

(…) Mwen pa bezouyen ni kò’ou
Mwen pa bezouyen ni bo’ou
Mwen renmen ou tankou yon chante
Mwen renmen ou tankou yon pwezi
Yo jouyen nan lanati
Yo jouyen na paradi
Menm Bondye ki nan sièl
Wè koulè kè’m pou ou
Koulè’l se lakansyèl
Ginou map bay la tè
Map bay lalin’n Bondye ya
Pou ti kè ou Ginou

Thérèse

Mwen ouyè soley san fwa mil fwa nan vi’m
Mwen ouyè lalin’n kap benyen nan lanmè
Poutan thérèse se de zye’ou ki limyè ‘m
Lontan, lontan map chèche’ou

Ou kon’n trè biyen depi fèt map mache
Pasi pala map trenen vye misè’m
Si mwen pat kontre’ou
Mwen ta krye, mwen ta fin’n fou
Mwwn ajenou, map mande’ou yon ti bo
Yon ti karès, yon ti zye ak tout kè’ou
Tètèz cheri koute biyen sa map di’ou
Se ou misè mwen, bonè mwen , malè mwen ….

Merci

(…) Merci
San fwa
Mil fwa merci
Kar lamou
Pa gen pri
Menm si’l fè moun soufri
Merci
Map repete merci
Ou chanje vi’m an biyen…

Pa pita pase yè, mwen jwenn mwayen pou mwen kite de rigòl dlo koule nan je-m pandan mwen t’ap tande chante ou te ekri pou Ginou an. Lanmou sa te triminen ou papa !! Konsa tou lè mwen koute tout pasyon ou te pote pou Thérèse, mwen di te rete yon ti fil pou te pèdi tèt ou pou fanm sa ki te sèmante se pa li ki pou fè ou goute bonè. Malgre tout soufrans sa yo ou andire pou fanm, ou te rete yon chay lanmou toujou pou remèsye fanm ki te chwazi viv avèk ou a. Si ou te konnen kijan mwen ranmase mòso mèsi sa a, mwen fè yon gwo twòkèt avèk li pou-m mete anba tèt mwem. Lè mwen nan lapenn, mwen jouke-l pou chofe kè-m. Pawòl serye, li gen lodè lanmou, lodè ou tou, paske oumenm ak lanmou se byen jouyenn ak byen kontre, pase pran-m, m’a pase chèche ou.

Lè mwen pran beyen nan rivyè mèvey ralizasyon ou kan ou te sou de pye ou, mwen gen yon doulè san fen ki monte nan zantray mwen ki vle koupe trip mwen. Li pa posib pou mwen enkonsolab konsa depi tout tan sa. Lyen sa ki atache’m avek ou trè fò, trò sere. Es ke oup tande’m vye frè. Mwen ta renemen konnen kote ou ye a si kri chagren’m pou ou kapab rive la. Konpoze yon ti chante pou mwen tanpri, ou menm ki toujou frote sere avek konpè lanmou depi ou te tikatkat Nan pla menm ou jwa et touman te enprime, se te fòs etwal ou, desten ou.

Se pa ta yon krim, se vre, si’m dwe efase sou latè pou mwen proche pi pre ou. Aprann mwen kòman pou’m presitie jwenn ou nan detan twa mouvman avek pestij, fiyète, couraj ke nèg lafrik sèlman eritye.

Adye Bondye ! banbòch pral gaye, Tankou ife te di soul, gide-m san bousòl, ban-m zèl sanzatan.

Si ou dakò pou’m vini, map pote yon tambou, tanbou ki rele tambou tout bon. Enstriman ki kap fè venteyen nasyon lafrik ginen danse nan tèt laviron dede. Se tap dènye dezi’m nan mitan pechè latè.


Ref : ( M-A. Hyppolite, in Lèt Ife ak Soul (2006)) p.85 Koreksyon tezs : auteur du l’ouvrage : Michel-Ange Hyppolite




BÔ KAY NOU


Les fils info de Caraïbe Express
  • La UNE
  • Culture
  • Vos Sorties

   » Faites connaître ce site à un ami