Mise à jour le Février 2022
Devenez correspondant(e) de Caraïbe Express c'est partager et faire progresser "Le Lien Entre Les Peuples". Passionnés d'écriture, journalistes professionnels et amateurs, rejoignez notre équipe par mail: redaction@caraibeexpress.com "Caraïbe Express" The Link Between The Peoples le site d'informations culturelles et sportives de la Caraïbes par excellence.
Mercredi 24 avril 2024 19:44 (Paris)

Accueil  »  Archives  »  Année 2010
Antèn Ouvriye konsidere Rene Preval « kòm youn nan dirijan ki fè Ayiti plis mal »

Dapre diskou nou tande premye janvye a, prezidan Rene Preval di tout moun, se sèl li menm ki kapab dirije peyi a. Men sa l bliye di « toulède manda li yo pase anba bòt okipasyon militè etranje ». Si nou byen konprann, se sa prezidan an genyen kòm fyète, ki fè l ap chante kantamwa. Men tou, diskou sa a, anonse kanpay prezidan Preval. Jan sa kòmanse la a, nou pral genyen yon chanm Sena ak yon chanm depite japwouv, ki pral amande osinon vote yon lòt konstitisyon pou prezidan an kontinye dirije peyi a. Mèm 3èm maryaj prezidan Rene Preval avèk Elizabèt Delatou, antre nan yon pwojè politik. Yon pwojè Inite Lavalas, Lespwa, yon ekip makout ak yon ti ponyen boujwa pou yo kontinye dechèpiye peyi a.

Nou menm nan Antèn Ouvriye, nou kwè diskou sa a se yon pwovokasyon. Tankou anpil moun nan peyi a, nou konsidere Rene Preval kòm youn nan dirijan ki fè Ayiti plis mal nan fen 20èm ak kòmansman 21èm syèk la. Se sa k fè yo di « Rene Preval se yon mal enfènal pou peyi d Ayiti ». Lè yon prezidan sèvi ak legalite ak lejitimite yon popilasyon pou l dirije kont menm popilasyon an, pou l kraze epi vann yon seri enstitisyon ki se patrimwàn Leta, se yon krim li fè kont peyi a.

Men yon ti rapèl sou kèk zak ekonomik ak sosyal Rene Preval fè pou listwa :

• Sou premye manda l, 14 oktòb 1997 byen bonè nan maten, yon kòmando polisye CIMO okipe lokal Minotri Dayiti. Nan moman prezidan Preval privatize Minotri a, yon sak farin t ap vann 400 goud, jounen jodi a sak farin lan ap vann 1300 goud. Dapre etid yon òganis Kanadyen ki rele (Concertation pour Haiti) te reyalize an 1996, 1 milyon dola ameriken sèlman t ap mete izin lan an mach. Leta t ap bezwen 2 lòt milyon dola pou modènize l. Sa vle di, mete l anfòm pou pwodwi plis epi bay pi bon kalite pwodwi.

• Nan moman prezidan Rene preval te privatize siman Dayiti, yon sak siman t ap vann 75 goud, jounen jodi a sak siman an ap vann jiska 300 goud. Dapre etid yon konpayi Kolonbyen, Ayiti gen matyè premyè pou l pwodwi siman pandan plis pase 100 lane. Pou l jwenn siman pou vann nan peyi etranje epi jwenn siman pou betonnen tout wout segondè yo (emisyon Fasa lopinyon Jan Dominik Radyo Ayiti). Olye Rene Preval te mande boujwa yo konstwi lòt simantri, pou yo te bay travay, li pito vann yo siman Dayiti.

• Apre sa, nou konnen kouman yon seri konpayi prive ap fè anpil milyon sou do EDH. Nou tande mèt konpayi prive sa yo te finanse eleksyon 2006 prezidan an, kòm rekonpans, li ba yo sektè kouran an pou yo fè kòb sou do popilasyon an. Se konsa nou konstate EDH mete yon ogmantasyon sanpousan sou pri kouran, yon fason pou yo jwenn 10 milyon dola ameriken chak ane pou peye konpayi zanmi prezidan Rene Preval la.

• Dènye kou prezidan Rene Preval pral bay la a, se privatizasyon TELEKO. Li parèt aklè pou tout moun, Lavalas ak Lespwa kraze TELEKO, pou yo te kapab jwenn pretèks pou yo vann li bay zanmi yo. Sou dosye TELEKO a, dirijan yo ap bay manti pou detoune lespri popilasyon an. Nou pwofite mande rès moun ki rete nan TELEKO yo, kenbe fèm, pa lage batay la.

Konsekans privatizasyon sa yo trenen dèyè yo, nou konnen se plizyè milye fanmi Leta lage nan chomaj jis pou l satisfè enterè yon ti ponyen boujwa lòtbò dlo ak yon ti popnyen boujwa nan peyi a. Yon lòt fwa ankò n ap mande, èske Rene Preval pran tout moun nan peyi a pou enbesil ? Lè l vle nou konprann, se sèl li menm ki kapab dirije peyi a.

Nou menm nan Antèn Ouvriye, nou pwofite mande ouvriye ak travayè yo pandan n ap mobililize pou anpeche yo privatize TELEKO, fòk nou leve kanpe kont plan Rene Preval genyen pou l retounen sou lwa ki fikse salè minimòm lan 125 goud. Nou pa dwe kite sanginè yo fin bwè tirès san nou rete nan kò nou. Nou bezwen san, pou nou goumen, kont lamizè ak grangou, kont esplwatasyon, kont okipasyon.

Pou lane 2010 la, Antèn Ouvriye swete tout ouvriye ak travayè ranmase fòs ak detèminasyon pou n kontinye batay la.

Aba privatizasyon. Aba okipasyon.

Viv lit Kan Pèp la.

Pou Antèn Ouvriye :

Renèl SANON

Jean Fritz BEAUBRUN




BÔ KAY NOU


Les fils info de Caraïbe Express
  • La UNE
  • Culture
  • Vos Sorties

   » Faites connaître ce site à un ami