Mise à jour le Février 2022
Devenez correspondant(e) de Caraïbe Express c'est partager et faire progresser "Le Lien Entre Les Peuples". Passionnés d'écriture, journalistes professionnels et amateurs, rejoignez notre équipe par mail: redaction@caraibeexpress.com "Caraïbe Express" The Link Between The Peoples le site d'informations culturelles et sportives de la Caraïbes par excellence.
Jeudi 18 avril 2024 12:33 (Paris)

Accueil  »  Archives  »  Année 2007
Zanmi wannway

Zanmi wannway
Mwen vin di ou bonswa
Anmenmtan orevwa

Koumansava
lakay
M swete
Madanm
Ti tchovi yo
Vabyen
Vatrèbyen
Men …….
Pabò isit
se koulè tristès
Kap pentire lavi
Chwal la
sele ti Anri
Gwomidi
sou MLK avni
Tanmpa siti

Ayisyen
sezoboukechyen
Yo danse
tout mizik
tout vye bri
Tetegrann
Pou manman
Reziye n
Nap rive
Selavi

Kaselezo
Fè pa asye
Se legasi danti
Dyòl si
Kolon nwasi

Levanjil santidi
Kap degaje
Lodè lisifè
kèk
Pastè raketè
Pè kidnapè
Monseyè
Kap vòlè
Losti Pè Letènèl
Depi lè
Yote anfannkè
Vle fèn kwè

Zanmi wannway
Mwen vin di ou bonswa
Anmenmtan orevwa

Syèl la
Pa site solèy
Li pa
Palè nasyona
l Ni kwobosal
LETENEL
Se LETENEL
Pèsonn
Paka blofe l
Ni falsifye
Dosye yo
Devan l

Zanmi wannway
Mwen vin di ou bonswa
Anmenmtan orevwa

3 fèy pèdi lespwa
Lafrik desi
Zo yanki
vin di
kèl pidi
8 awa pabay ankò
Jizèl
mouri touse
Anba pyebwa
kwakapab
Sepalafwa
ak bonbras
Dayiva
ki te menmen l
Opeyidèrèv
Opeyiparadi si tè

Zanmi wannway
Mwen vin di ou bonswa
Anmenmtan orevwa

Depi w paka
palelamama
Tafya katyapika
Ceza
Domino pitza
Ak zaboka
Pa vin fèlalwa
Oupakapala
Se opa
Nan tampa

Zanmi wannway
Mwen vin di ou bonswa
Anmenmtan orevwa

Kamarad
solèy la
Limen tounwa
Li klere memwa
Se patsa
Kite pale
Nan plat marasa
Lwa Lespwa
Lepèp
Sesèl lwa
Kidanse
121 pa
Lafrik zantray
Jouklakay
Ayititoma

Zanmi wannway
Mwen vin di ou bonswa
Anmenmtan orevwa

JB Baudelaire Dubic « borilaks »




BÔ KAY NOU


Les fils info de Caraïbe Express
  • La UNE
  • Culture
  • Vos Sorties

   » Faites connaître ce site à un ami