Mise à jour le Février 2022
Devenez correspondant(e) de Caraïbe Express c'est partager et faire progresser "Le Lien Entre Les Peuples". Passionnés d'écriture, journalistes professionnels et amateurs, rejoignez notre équipe par mail: redaction@caraibeexpress.com "Caraïbe Express" The Link Between The Peoples le site d'informations culturelles et sportives de la Caraïbes par excellence.
Jeudi 28 mars 2024 23:23 (Paris)

Accueil  »  Archives  »  Année 2007
Textes proposés par un lecteur de Caraïbe Express

Comme lui vous pouvez faire partager aux lecteurs de Caraïbe Express votre passion => envoyez nous vos photos, vos chansons, vos textes ou bien créez votre blog en ligne (gratuit) !!!

par Ralph Géraldy Jasmin (Haïti)

Kwè

Lespwi kò tomak ap dechire
Silans se laroy kifè trè mal
Ki lès ki lotè yon koz si fatal ?
Byen konte mal kalkile
Rega sa li tou myòp
Sou premye kwen lespwi-l estòp
Evite toujou pè gade nan je
Men fò kanmen-m yo kwaze
Se tankou gwo Mari ak ti Jòj
Kap viv nan ti kalòj

Soupi-mm-tchwip-o Jezi
Fè kè miltiplye ploup
E kò vin-n mou kou lasoup
Li te jwe pou-l gen gwo pwi
Mache ak lanmò sou tèt
Peye peye san fè dèt
Nan ponpe loto a ret kole
Bèl rèv trake san emansipe
Fò tan-n pou wè sak gen rezon
Se vre kanpe sa se pwazon
Wi bayonèt sa se tizon
Pa gen mouvman egal pwizon
Sa gen dout ladan-l vre
Kisa lank sa ap pote ?
Men se ladan-l li pwan souf
Se lik konsole-l ak yon ouf
Pitit eske se pou laglwa ?
Kisa penti nwa sa ap pote ?
Kwè nan sa se radòt
Ahh sa pa ka ouvwi pòt
Bagay sa se vaz klo
Panyen banbou kap charye dlo
Tout lòt twou li bare li bouche
Fòl vire bwase debouche
Yon jou fò chanpay pete plouch
Men anlè voltije vouch
Li gen dwa pou-l pale tou ak fyète
Pou-l di ke-l vrèman ere
Djòl mare pawòl deplase va blye
Lè sa ap gen respè pou Jezi
Paske lakwa-l va yon gwo pwi

Li pwal yon idòl yon chouchou
La rejwen-n respè ak lanmou
Fok ou kwè nan sa ou konnen
E ti pap avè-l ou ka ale lwen.

Bèl Fan-m

Mwen renmen wè bèl fan-m
Eske se yon defo ou byen yon kalite ?
Yon bèl fan-m ap pase fòm gade
Se yon foli yo mache nan tout san-m
Nan gade bèl fan-m jem pa vièj
E yo toujou di bèl fan-m se pyèj

Lèzòm di gade pa peche
Labib di depi ou gade ou chire
Bèl fan-m atire-m tankou leman
Wè yon bèl fan-m toujou yon evènman
Si ou fiksem gadem nan je
Wa wè tout bèl fan-m ki anrejistre

Pou ki bondye te ban-m de je
Jem fè map kontinye peche
Labib di sa ou fè wap peye
Fòm gade men-m sim pwal peye inikite
Map gade men-m si demen ka pa wè
Bondye pwal fèm peye pou sa jem fè

Bondye padon pou tout sa jem pwal fè
Bèl fan-m se pwazon kap ronje de jem
Bèl fan-m fè jem pwan plas pyem
Jem mache chèche nan imajine bonè
Pafwam santi-m kap antre nan palè
Yo dim wout sa mennen direk nan lanfè

Koyo

Rele rele
Tèt mare
Mare ak bon kòd
Kòd batiman
Makadam bay lòd
Pou ki yon lòt man ?

Manman vle remonte
Men se vyan-n tomak
Kap fwote
Yap gwonde kou kamyon mak
Pa gen rezèv
Tout se pou pyèv

Yon sèl rega
Sou tout miwa
Yon sèl ti vwa
Pinga machacha
Pa gen dout
Genyen yon sèl wout

Lè soley klere
Se pou-l bwile
Lapli-a tonbe
Li inonde
Lè zakalpòn aroyo
Inifòm sou do

Gen sak remete
Sou lòt kazak
Men se men-m baton gayak
Men-m nòt egzekite
Kaki repare
Lò mouton vle fè kòlè
Baton mò baton malè

Tou zwazo
Sak gen zo sak di se kanzo
Gen yon sèl nòt do
Tig jiraf bese tèt yo
Men-m lyon tounen jako
Tout tounen koyo




BÔ KAY NOU


Les fils info de Caraïbe Express
  • La UNE
  • Culture
  • Vos Sorties

   » Faites connaître ce site à un ami