Mise à jour le Février 2022
Devenez correspondant(e) de Caraïbe Express c'est partager et faire progresser "Le Lien Entre Les Peuples". Passionnés d'écriture, journalistes professionnels et amateurs, rejoignez notre équipe par mail: redaction@caraibeexpress.com "Caraïbe Express" The Link Between The Peoples le site d'informations culturelles et sportives de la Caraïbes par excellence.
Jeudi 28 mars 2024 19:18 (Paris)

Accueil  »  Archives  »  Année 2006
An nou sove lone peyi DAYITI

par Michel Marchand
Texte traduit en créole par Gerdine JOSEPH

Kilè premye repiblik nwa nan mond lan ap sispann peye wont sa li te fè moun nan peyi oksidan yo ?

Tande bèf ale wè kòn. Sanble tout kondisyon yo te reini pou ke gwo bagay sa a bay yon ti rezilta tou zwit, ki tèlman fèb ke li pa gen okinn chans poul viv. Si karant an anvan esklavaj la aboli nan lòt koloni fransè yo, esklav Sendomeng yo te chwazi kontrole avni yo se paske yo te kwè ke yo se gason tout bon. Sa ki chokan sè ke gen kèk moun malonèt ki vle fè tout moun kwè ke nasyon ayisyèn’n nan toujou kenbe esklavaj la nan san li.

Se Repiblik Dayiti ki dwe sèvi de examp pa sèlman pou tout lòt nwa yo men tou pou tout moun ki jis jounen jodia santi yo bouke, strese é ki malgre tout difikilte yo rankontre ak moun san fwa ni lwa sa yo, ap chache sòti nan sa yo ye laa jan yo kapab, avèk sa yo genyen, e jan ayisyen yo fèl dejà, fòk yo pa pèdi lespwa jiskaske yo bay dènye gout san yo.

Kanta seremoni Bwa Kayiman an, esklav Sendomeng sa yo te sèmante swa yo viv lib, swa yo mouri, men’m si yo chak te panse ke rèv saa patap jan’m reyalize. Paske lame Napoléon an ki te bat preske tout lòt lame lòt peyi Ewòp yo pat kapab pèdi batay devan ti say o ta vle rele lame sovaj enraje a, dapre sa blan yo te panse. Men sete telman yo pat ka jan’m imajine ke nwa sa yo te entelijan ase pou yo ta ka responsab tèt yo. Se nan dat 18 Novanm 1803 ke lame kolonial la te tonbe nan Vètyè. Sa se youn’n nan bagay ki te ka pi enpòtan nan demach pou nou te ka vinn endepandan, men youn’n nan bagay ki te pi enpòtan e ki te make moman saa anpil sete premye drapo ayisyen an ke yo te kreye nan dat 18 me 1803 nan Akayè. General lame indigèn’n yo te montre aklè intansyon yo lè yo te chire pati blan ki te nan drapo a pou yo te ka kite sèlman ble a ak wouj la ki se sinbòl linite ant nwa yo ak milat yo.

Pa gen Rochanbo ni Leklè ankò, de general ke tout moun te konnen kòm moun ki te ka pi mechan ak esklav revòlte yo ke yo te kon’n antere tou vivan san yo pa antere tèt yo ke yo te kon’n awoze ak siwo kann pou foumi te ka pran plezi manje, lè se pa chwal ke yo fè trennen yo jiskaske yo mouri. Pou kou sa, pou wont sa, pou zak malonèt sa, krime sa yo kont moun, kont gason vanyan sa yo ki se moun nwa ki egal ego ak blan, jònn, wouj, wouj sa yo men’m, moun sa yo ke Kristòk Kolon ak panyòl yo te jwenn sou zile saa e ke yo touye afòs yo te maltrete yo.

Depi lè saa, nan lane 1803 se de Tousen Louvèti yap pale sèlman, men’m si li mouri nan Fort de Joux nan peyi Lafrans kote san’n li ye jiskounye a, ak Jan Jak Dessalines, Alexsan Petyon, Henry Kristòf, Kapwa Lamò ak tout lòt gwo general ki te ede esklav nwa sa yo bati premye repiblik nwa sou latè lè yo te retounen bali non li te genyen deja Ayiti pou nou te ka sonje premye abitan zile a nan dat premye janvye 1804

Non sèlman pèp ayisyen an jwenn endepandans li ke li te peye ak pwòp san li, men Lafrans te fè li peye anpil kòb tou, se bagay sa ki fini ak ekonomi peyi a ki te sou anbago tou lè saa. Paske gwo Lafrans te bay tout lòt peyi Ewòp yo lòd pou yo pa fè komès ak jenn Nasyon Ayisyen an pou yo pat gen pwoblèm ak li. Kite ayisyen yo pou kont yo pou yo ka mouri paske yo twò frekan, se te rèv moun peyi oksidan yo. Men’m memwa Etazini te twò kout poul ta sonje ke nan Savannah sete nwa Sendomeng yo ki te ede yo pran endepandans pa yo. Jis kounye a nap mande tèt nou si se pa men’m bagay la ki ap pase anba anba.

Depi endepandans saa, dirigan ayisyen yo komèt kèk erè kifè peyi a pran wont, imilyasyon ki lakoz li pèdi valè pwop pitit li : ansasinay moun ki te fonde repiblik la, Jan Jak Dessalines, laguè Kakòs yo kont pikèt yo, prezidan kou deta yo, okipasyon amerikèn’n lan nan lane 1915, ti bato alman yo nan bassen Pòtoprens , diktati yo epitou piyaj nan kès leta depi lendepandans lan ki pap jan’m fini, pi mal ankò kounye a anba fo demokrasy sa ki pa lòt bagay ke dezòd sou pouvwa prezidan ki vini apre yo.

Li lè li tan pou chak ayisyen gade tèt li nan glas, pran konsyans e mande tèt li kisa li fè pou chanje imaj peyi a ?

ou kapab di sa ou panse sou atik sa si ou klike la :http://www.caraibeexpress.com/forum/privmsg.php?folder=inbox&mode=read&p=2

(Version française)

Sauvons l’honneur d’Haïti

La première république noire du monde ne cessera-t-elle donc jamais de payer cet affront fait au monde occidental ?

Tout semble orchestré pour que cette montagne n’accouche que d’une souris, la plus fébrile qui soit afin qu’elle n’ait presque aucune chance de survie. Si quarante quatre ans avant l’abolition effective de l’esclavage dans les autres colonies françaises, les esclaves de St Domingue (nom donné par les français en prenant possession de l’île) avaient choisi d’être maître de leur destin, c’est parce qu’ils avaient foi dans leur statut d’homme a par entière. Que certaines personnes mal intentionnées cherchent a faire croire au monde entier que la nation haïtienne ait gardé dans ses gènes les tares d’un esclavagisme latent, révèle d’une aberration abracadabrantesque.

La république d’Haïti doit servir d’exemple, non seulement aux autres noirs, mais aussi, à tous ceux qui sont aujourd’hui encore opprimés, oppressés, qui cherchent malgré toutes les contraintes imposées par leurs bourreaux à s’en sortir avec les moyens qu’ils ont a leur portée, et, comme les haïtiens l’ont fait jadis, ils ne doivent pas s’avouer vaincus que jusqu’à la dernière goutte de leur sang.

Quand, à la cérémonie du Bois caïman, ces esclaves de St Domingue ont juré de vivre libre ou de mourir, d’aucuns pensaient que ce rêve était utopique. Car l’Armée Napoléonienne qui avait vaincu presque toutes celles des autres pays d’Europe ne pouvait connaître aucune déconvenue face à cette soi-disant armée de sauvage en furie, telle que les blancs le concevaient. Mais c’était vraiment ignorer les capacités intellectuelles des noirs qui vivaient sur cette terre à prendre en main leur destin. Le 18 novembre 1803 l’armée coloniale capitula à Vertières. Cette étape fut d’une importance capitale dans la marche vers l’indépendance, mais, il n’en demeure pas moins vrai que l’un des faits marquants de cette période fut la création du premier drapeau haïtien le 18 mai 1803 à l’Arcahaie. En arrachant le blanc du drapeau français pour garder le bleu et le rouge symbole de l’unité des noirs et des mulâtres, les généraux de l’armée indigènes avaient indiqué très fortement leur objectif.

Plus de Rochambeau, plus de Leclerc, deux généraux réputés pour leur cruauté légendaire envers les esclaves révoltés qu’ils faisaient enterrer vivant en laissant leur tête hors terre, qu’ils arrosaient de sirop de canne, ce qui constituait un régal pour les fourmis, quand ils ne les faisaient pas tirer par des chevaux jusqu’à ce que la mort s’en suive, à cette flétrissure, à cette opprobre, à ces crimes perpétrés contre les êtres humains, contre des hommes à part entière, tels que les sont les noirs à l’égal des blancs, des jaunes, des rouges, justement ces rouges, ces hommes que Christophe Colomb et les espagnols trouvèrent sur cette île et qu’ils ont exterminé par leur cruauté.

Et désormais, au cours de cette année 1803 on ne parla que de Toussaint Louverture bien que mort en déportation au fort de joux dans le jura en France ou repose encore ses restes, Jean Jacques Dessalines, Alexandre Petion, Henry Chritophe, Capois La Mort et tous les autres généraux de valeur qui ont conduit ces noirs esclaves à fonder la première république noire du monde en lui redonnant son ancien nom Haïti en souvenir des premiers habitants de l’île, le 1er janvier 1804.

Le peuple haïtien a non seulement acquis son indépendance au prix de son sang, mais la France à lui aussi fait payer par une forte somme d’argent qui a complètement ruiné l’économie du pays qui se trouvait en plus à l’époque sous embargo. Car, la toute puissante France interdisaient tous les autres pays d’Europe de commercer avec la jeune Nation Haïtienne sous peine de représailles. Isoler les haïtiens pour qu’ils crèvent, du fait de leur insolence, était la règle d’or instituée par les occidentaux, même les Etats-Unis ont eu la mémoire courte car à Savannah ils s’étaient fait aider par des noirs de St Domingue rompus à la guerre, pour conquérir leur indépendance. On est à se demander, si aujourd’hui encore ce boycott n’est pas reconduit de manière tacite.

Depuis cette indépendance, les dirigeants haïtiens ont certes commis des erreurs, qui ont valu à ce pays le déshonneur, la honte, l’humiliation et le dénigrement même de ses propres enfants : l’assassinat du fondateur de la république Jean Jacques Dessalines, les guerres intestines des cacos contre les piquets, les présidents de doublure, l’occupation américaine de 1915, la canonnière allemande dans la rade de Port au Prince, la dictature et pour couronner le tout les pillages incessants des caisses de l’état depuis l’indépendance, plus encore aujourd’hui sous cette parodie de démocratie qui n’est en réalité que de l’anarchie sous les règnes des présidents successifs.

Il est temps que chaque haïtien se regarde dans un miroir, porte sur sa personne un vrai jugement de valeur et se demander, qu’ai-je fait pour changer l’image de mon pays ?

Donnez votre avis sur cet article en participant au forum de discution : http://www.caraibeexpress.com/forum/privmsg.php?folder=inbox&mode=read&p=2




BÔ KAY NOU


Les fils info de Caraïbe Express
  • La UNE
  • Culture
  • Vos Sorties

   » Faites connaître ce site à un ami