Mise à jour le Février 2022
Devenez correspondant(e) de Caraïbe Express c'est partager et faire progresser "Le Lien Entre Les Peuples". Passionnés d'écriture, journalistes professionnels et amateurs, rejoignez notre équipe par mail: redaction@caraibeexpress.com "Caraïbe Express" The Link Between The Peoples le site d'informations culturelles et sportives de la Caraïbes par excellence.
Mercredi 24 avril 2024 01:23 (Paris)

Accueil  »  Archives  »  Année 2007
MAP TOUNEN KANMENM

MAP TOUNEN KANMENM

Yo mèt tire boulèt
Yo mèt dechouke
Yo mèt arete
Yo mèt kidnape
Yo mèt tòtire

Map tounnen kanmenm

Yo mèt derespekte
Yo mèt rele anmway
Yo mèt sèmante
Yo mèt detwi
Yo mèt minote

Map tounen Kanmenm

Yo mèt mitraye
Yo mèt kakasouyo
Yo mèt anraje
Yo mèt fizye
Yo mèt touye

Mapmèt tounen kanmenm

Yo mèt egzile
Yo mèt depòte
Yo mèt anchenne
Yo mèt imilye
Yo mèt elimine

Map fout tounnen kanmen
Map fout tounen nan peyim
Map fout touyen peyidayiti toma

Ayiti fanm kann kreyòl mwen
Nanm fyèl fòs mwen
Nan nannan w pou m mouri
Nan zantray ou poum tounen pousyè
Map tounen

JB Baudelaire Dubic “borilaks”




BÔ KAY NOU


Les fils info de Caraïbe Express
  • La UNE
  • Culture
  • Vos Sorties

   » Faites connaître ce site à un ami